Byenveni sou espas fòmasyon ki pral chanje fason ou fè biznis sou entènèt.

  • Ogmante Revni Ou

    Dekouvri strateji mwen itilize pou mwen bati yon biznis pwofitab sou entènèt. Depi mwen komanse fè biznis sou entènèt an 2009, strateji sa yo teste e mache.

  • Grandi Odyans Ou

    Aprann ki jan pou atire plis nan kliyan ou vle yo, bati kominote ou, ak grandi enfliyans ou kòm yon lidè de panse nan nich kote ou ap evolye-a.

  • Vinn Yon Mèt Nan Maketing

    Dekouvri strateji pou grandi lis ou en auto pilòt, bati yon antonwa lavant (sales funnel) kòm sa dwa, epi pozisyone biznis pou'l ka ba'w plus lavant chak jou.

Brand Nou Travay Ak Yo

Patricia Perez - Make Up Artist

Lè nou komanse travay ak Patricia, li objektif lan se te pozisyone mak pèsonèl li kom Makeup Artist. Apre 3 lane, jodia li rekonu na tout Amerique Latine nan, li resevwa envitasyon pou bay fomasyon Mexique, Honduras, Chili, Argentine, e nou aktyelman ap travay pou ede'l lanse pwop mak pwodwui cosmetik pa'l.  Pou plis detay sou Patricia, klike la.




Roxana Alba Lopez (Cronenbold Catering)

Younn nan pi gwo sèvis Catering nan vil Santa Cruz, Cronenbold Catering te chache sèvis nou pou yo teka ogmante kantite kliyan yo, yon fason pou biznis lan pa't kraze nan men yo akoz de tout nouvo konpetitè ki te antre nan biznis lan. Nou ede yo pase de 120 manm pa mwa a 320 manm nan yon espas 3 mwa' pou yon sèvis ki koute kliyan catering yo $250 usd/mwa. Pou plis enfo, klike la.




Jardin Kinda

Kinda se younn nan pi bon garderie nan vil Santa Cruz. Marco, direktè-a, te gen yon pwoblem: Yo pat ka ranpli tout sal de classe nan gwoup apre-midi yo. Nou chita nou evalye ki mounn ki chwazi orè sa, epi chache mounn ki sanble ak yo sou pwen social, pwofesionel, ekonomik e regional... Avan lekol te ouvè en Fevrier 2020, nou arive atenn objektif la. Pou 2021, Kinda ap ap prepare'l pou li ka premye lekol ki 100% online an Bolivie. Pou plis enfo, klike la.

Kesyon Anpil Mounn Poze

  • Eske mwen ap jwenn sètifika lè mwen fini kou-a?

    Wi. Kou a vini ak sètifika. Men fok ou fini tout lesson ki nan kou-a.

  • Eske m'ap gen pou'm peye lòt kòb aprè si yo fè update sou kou-a

    Non. Lè ou achte kou-a ou gen aksè pou tout tan. Sa ki vle w'ap toujou gen aksè a update ke nou fè. Maketing dijital se yon bagay ki dinamik se pou sa n'ap toujou update kou a pou ka metrize dènye straji ki ap mache yo.

  • Eskè se menm strateji sa yo ou mete nan biznis pa'w? Ki prèv ou ka bay?

    Wi. Prèv la se ke ou ap ka wè ekran mwen andan kou yo. Wè egzakteman kisa mwen fè epi wè rezilta yo ak de je pa'w. ;)